Lwanj — Konfidansyalite
Dat li antre an vigè: 7 novanm 2026
Lwanj se yon liv kantik an Kreyòl Ayisyen ki mache san entènèt. Nou fè aplikasyon an pou li pa janm bezwen konnen anyen sou ou.
Sa nou pa ranmase
Lwanj pa ranmase, pa voye, pa vann, epi pa pataje okenn enfòmasyon pèsonèl. Pa gen kont pou kreye, pa gen piblisite, pa gen estatistik, epi pa gen okenn zouti swivi. Aplikasyon an pa janm konekte ak entènèt.
Sa ki rete sou telefòn ou sèlman
Kèk bagay anrejistre sou aparèy ou pou aplikasyon an ka travay pou ou:
- kantik ak kouplè ou make yo, ak nòt ou ekri yo,
- dènye kantik ou te louvri a,
- rechèch ou fè yo,
- reglaj lekti ou yo (gwosè tèks, aparans),
Enfòmasyon sa yo pa janm kite telefòn ou. Ni nou, ni pèsonn lòt, pa ka wè yo. Si ou fè backup telefòn ou sou iCloud oswa sou yon òdinatè, yo ka nan backup pa ou, anba kontwòl ou.
Efase tout bagay
Si ou efase aplikasyon an, tout enfòmasyon li te anrejistre sou telefòn ou efase avè l.
Timoun
Lwanj pa ranmase okenn enfòmasyon sou pèsonn, kidonk li pa ranmase anyen sou timoun non plis.
Apple
Si ou te aksepte pataje done analiz ak Apple nan reglaj telefòn ou, Apple ka voye rapò sou pwoblèm teknik (crash) bay devlopè a, san non ou. Se Apple ki jere sa, selon règ konfidansyalite pa li. Ou ka fèmen sa nan Reglaj → Konfidansyalite ak Sekirite → Analiz ak Amelyorasyon.
Chanjman
Si règ sa yo chanje, n ap mete nouvo vèsyon an sou paj sa a ak yon nouvo dat.
Kontak
Rezo Sitadèl Ayisyen