Yon Bib an Kreyòl Ayisyen

Pawòl La — Konfidansyalite

Dat li antre an vigè: 5 novanm 2026

Pawòl La se yon Bib an Kreyòl Ayisyen ki mache san entènèt. Nou fè aplikasyon an pou li pa janm bezwen konnen anyen sou ou.

Sa nou pa ranmase

Pawòl La pa ranmase, pa voye, pa vann, epi pa pataje okenn enfòmasyon pèsonèl. Pa gen kont pou kreye, pa gen piblisite, pa gen estatistik, epi pa gen okenn zouti swivi. Aplikasyon an pa janm konekte ak entènèt.

Sa ki rete sou telefòn ou sèlman

Kèk bagay anrejistre sou aparèy ou pou aplikasyon an ka travay pou ou:

  • vèsè ou make yo,
  • kote ou te rive nan lekti a,
  • rechèch ou fè yo,
  • paramèt lekti ou yo (gwosè tèks, aparans),
  • sa ou li plis yo, pou chwazi vèsè chak maten ak chak aswè.

Enfòmasyon sa yo pa janm kite telefòn ou. Ni nou, ni pèsonn lòt, pa ka wè yo. Si ou fè backup telefòn ou sou iCloud oswa sou yon òdinatè, yo ka nan backup pa ou, anba kontwòl ou.

Notifikasyon

Si ou di Wi pou vèsè chak maten ak chak aswè, telefòn ou li menm ki prepare notifikasyon yo, san entènèt. Ou ka fèmen yo nenpòt ki lè nan Paramèt → Notifikasyon → Pawòl La.

Efase tout bagay

Si ou efase aplikasyon an, tout enfòmasyon li te anrejistre sou telefòn ou efase avè l.

Timoun

Pawòl La pa ranmase okenn enfòmasyon sou pèsonn, kidonk li pa ranmase anyen sou timoun non plis.

Apple

Si ou te aksepte pataje done analiz ak Apple nan paramèt telefòn ou, Apple ka voye rapò sou pwoblèm teknik (crash) bay devlopè a, san non ou. Se Apple ki jere sa, selon règ konfidansyalite pa li. Ou ka fèmen sa nan Paramèt → Konfidansyalite ak Sekirite → Analiz ak Amelyorasyon.

Chanjman

Si règ sa yo chanje, n ap mete nouvo vèsyon an sou paj sa a ak yon nouvo dat.

Kontak

pawol@sitadelayisyen.net

Rezo Sitadèl Ayisyen

Pawòl La — Privacy Policy

Effective date: November 5, 2026

Pawòl La is an offline Haitian Creole Bible. It is built so that it never needs to know anything about you.

What we don’t collect

Pawòl La does not collect, transmit, sell or share any personal information. There are no accounts, no ads, no analytics and no tracking tools. The app never connects to the internet.

What stays on your device only

The app stores a few things on your device so it can work for you:

  • verses you mark,
  • your reading position,
  • your search history,
  • your reading settings (text size, appearance),
  • which themes you read most, used to choose your morning and evening verses.

This information never leaves your device, and neither we nor anyone else can see it. If you back up your device to iCloud or a computer, it may be included in your own backup, under your control.

Notifications

If you choose to receive a verse each morning and evening, your device schedules those notifications locally, without the internet. You can turn them off anytime in Settings → Notifications → Pawòl La.

Deleting your data

Deleting the app removes everything it stored on your device.

Children

Pawòl La collects no information from anyone, including children.

Apple

If you have chosen to share analytics with Apple in your device settings, Apple may provide the developer with anonymous crash reports. Apple handles this under its own privacy policy. You can turn it off in Settings → Privacy & Security → Analytics & Improvements.

Changes

If this policy changes, the new version will be posted on this page with a new date.

Contact

pawol@sitadelayisyen.net

Rezo Sitadèl Ayisyen